Mèt Pwen an Ranmasel :un texte de Yvener Foeshter Joseph

Mèt Pwen an Ranmase l

Eske nou konnen gen konfrè, zanmi trè pwòch mwen, k ap viv Ayiti, ki poko janm konn adrès RSF?

Lè m chèche konn pou kisa. M tande gen ki pè pou Patrick Moussignac (sispann sèvi ak non sa pou n atake m) pa konnen yo te pase nan RSF, gen menm yo pran pòz yo fache paske m kite karayib.

Mwen ri. Bondye ak moun ki wè m kèk kote ki ka pale sou koze sa. Ala ayisyen sa yo!

Ladan yo gen:
-Jounalis
-Ansyen depite
-Ansyen senatè
-Polisye
-Direktè jeneral
-Elatriye

Yon bann sousou, san diyite ap alimante yon kont ki pa egziste jis pou ti avantaj mesken. Mwen montre nivo eklere m, nivo kouraj mwen. Gen nan yo ki nan biwo kominikasyon bwat leta ki pran pòz pi gwo defansè Patrick Moussignac, depi w tande gen espòt yo fè kwa sou RSF kòmsi pou vanje mal mwen te fè a. Kòmsi m te manje manman moun sa yo.

Mwen egziste, m ap egziste malgre konplo, malgre movèz lang k ap eseye bare m tout kote m pase pou m viv ak diyite an Ayiti. Depi se pou RSF oubyen Yvenert yon bagay pral fèt tout plim sou do kèk nèg leve e tonbe rablabla pou bare. Jou va jou vyen.

RSF pa vin nan kont ak okenn lòt medya. Nou vin akonpli, nou vin konplete e pa gen okenn vye van k ap mennen nou nan direksyon salte, malpwòpte, ranyon ak sanzave. Nou kanpe djanm akote tout konfrè, tout konsè yo pou defann laprès lib, yon près san raketè, san eskanmòtè, san akoupi m chaje. Yon prè osèvis peyi a pou ede nan devlopman, nan edikasyon.

Ale nou laba! Si nou pa vin nan RSF, nou pa vle wè li se kapab sa n pa wè yo ki detounen nou sou wout RSF paske pile lokal radyo sa ak anba pye nou plen salami t ap kite twòp mak salte nan yon si bèl espas.

RSF nou la, nou Rèd!

Yvenert Foeshter JOSEPH
jyvenert@yahoo.fr
&^%$666EF



Catégories :Santé, SOCIÉTÉ

Votre commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l’aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

%d blogueurs aiment cette page :